An nou selebre mwa lang ak kilti kreyòl ak alfabè kreyòl la

Vin dekouvri richès lang kreyòl ak 32 imaj ilistre ki soti nan zantray kilti nou

Vin benyen nan lang kreyòl la ak alfabè lang manman nou  an

Men pou ki rezon ou ta dwe gen tablo sa a nan men w:

  • 32 imaj ilistre

    Selon lengwis ayisyen yo, lang kreyòl la gen 32 son. Yo te mete 32 son sa yo ansanm pou tabli alfabè ofisyèl la. Chak imaj reprezante youn nan 32 son sa yo. Depi w metrize yo, w ap ka ekri nenpòt ki mo san grate tèt.
  • Selebrasyon lang ak kilti kreyòl

    Tablo sa a pa jis yon zouti pou aprann alfabè a. Men tou, chak imaj se yon omaj pou kokennchenn patrimwàn ayisyen an, k ap selebre istwa, kilti, ak tradisyon nou yo.

  • Yon bèl zouti pou kore anseyan ak aprenan yo

    Kit ou se yon paran, yon anseyan, oswa yon moun ki damou lang kreyòl la, tablo sa a ap yon bon zouti k ap akonpanye ou nan aprantisaj òtograf la. 

  • Yon latriye resous gratis ti cheri

    Nou konnen, tande ak wè se de (2).  Ou dwe tande son yo epi wè kijan ou dwe ekri yo pou w ka aprann kòmsadwa. Se poutèt sa, nou ap ba ou plizyè lòt resous, tankou video pou w tande 32 son yo ak kijan pou w ekri yo. Epitou, n ap eksplike ou règ sistèm òtograf la pou w konprann lojik li.

alphabet3
Creole Team

Nou angaje pou fè pwomosyon lang kreyòl la kòm yon lang modèn pou tout ayisyen regle biznis, fè levasyon pitit yo, ekri lwa ki pou regle fonksyònman nou elatriye.

Travay nou nan kominote ayisyen an se ankouraje w, dekonplekse w lè w ap itilize kreyòl, pandan n ap montre w fyète ki genyen nan itilize lang manman w ak lang papa w kòm lang pou kominike.
 
Nou kwè lè nou bay lang kreyòl la respè li merite a, nou ede kore tout kominote ayisyen an alawonnbadè.

Chak tablo nou vann, n ap fè kado youn (1) nan yon lekòl Ayiti.

Lè w achte yon tablo, w ap ede kominote nou an tou. 

Inisyativ sa a ede nou reyalize misyon nou ki se pou timoun ka jwenn bonjan  edikasyon an kreyòl kèlkeswa kote yo ye.

Achte tablo sa a davans pou w ka jwenn yon rabè

Ou ka kòmande pa w la davans epi resevwa yon rabè 10 dola. Pou jwenn rabè a, sèvi ak kòd pwomosyon MWAKREYOL.

Tablo a ap disponib ofisyèlman nan Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl ki se 28 oktòb. Pwofite okazyon an!

Vèsyon Kiskeya 

Creole Solutions Kiskeya Poster

Vèsyon Ginen 

CS_ABC_18x24

Benyen pi fon toujou nan lang kreyòl la

Nan Jaden Amoni, rekèy kont kreyòl kote nou pran plizyè kont selèb epi nou adapte yo nan lang kreyòl ayisyen an, nan kilti lokal la.

Rekèy sa a disponib nan vèsyon papye, elektwonik, ak odyo.

Amoni Cover

Fè pati mouvman kreyòl la

Rezo sosyal yo se yon zouti ki enpòtan anpil nan fè pwomosyon nenpòt ki aktivite jodi a. Se pou sa nou menm nan Creole Solutions nou toujou mete lang kreyòl ayisyen devan nan tout piblikasyon n ap fè sou rezo yo. Paske nou rann nou kont chak fwa w itilize lang kreyòl sou rezo yo, motè rechèch yo vin pi enterese ak lang pèp ayisyen an. Se pou sa nou ankouraje tout ayisyen pou yo kominike nan lang yo sou tout rezo sosyal.

Suiv nou pou w ka fè pati mouvman kreyòl la.